Akèy / Ptra / ANN FE YON TI REFLEKSYON SOU PANDEMI SA KI RELE KOWONAVIRIS LA KAP TOUYE KRTYEN VIVAN SOU TOUT LATE.

ANN FE YON TI REFLEKSYON SOU PANDEMI SA KI RELE KOWONAVIRIS LA KAP TOUYE KRTYEN VIVAN SOU TOUT LATE.

Pèp Ayisyen, vijilans nan tèt frèt, se sèl fason pou Pèp Ayisyen limite dega ke rejim tèt kale a ap fè lè jovenèl lage nonm sa nan Peyi a, nan aprè midi 19 Mas 2020 an ak nouvèl kowonaviris nan Peyi ak 2 blan etranje ki antre nan Peyi a tou kontamine, yon nouvèl ki lage tout Pèp la nan nan kouri
Se pou premye fwa mond la ap frape pa yon move epidemi konsa, men jounen jodi a ki vinn pandemi, li panike anpil moun sou Tè a.

Se depi lontan mond lan toujou ap frape anba yon seri gwo dezas( gwo delij, dlo desann, tranblemann tè, gwo epidemi ki ka vinn pandemi) ki gen gwo konsekans sou lavi moun sou Tè a.
Anpil nan dezas sa yo, konn rive natirèlman, ki konn lakòz anpil moun mouri, estropye, disparèt.
Men anpil fwa gen anpil nan dezas yo, ki konn se vye rezilta vye politik tèt anba gwo chabrak, nan batay pou richès ak privilèj, kote se malere, malerèz ki konn sèvi chè, pon pou anpil nan zotobre sa yo nan lit pou enterè klas yo, toujou provite regle tout kalte swadizan pwoblèm nan diminye kantite moun kap viv sou Tè a paske gwo chabrak toujou konsidere anpil moun kòm menas.

Lè konsa anpil nan gè yo se toujou tankou mouch yo touye moun nan vye gè kote anpil moun al
peri pou gran mesi.
Men toujou gen moun konsekan ki eklere, ki toujou ap denonse vye pratik sinik, kriminèl sa yo, chak fwa yo vle pwofite de gè Peyi ak Peyi nan kontinan ewopeyen an, nan batay pou plis koloni yo, lè yo voye anpil moun nan lagè kote yo konn mouri kou mouch, pa ekzanp pandan revolisyon fransèz la, epòk sa ( 1789, 1790, 1891) boujwa fransè yo tap mache al fè piyaj nan lòt peyi sou kontinan an nan vòlò, piye tout sa yo jwenn ki konn lakòz anpil moun nan mitan popilasyon yo konn peri, pa konn gen twòp pwoblèm paske se nan mitan Pèp la yo konn pran yo pou voye yo al mouri nan lagè, ki konn lakòz popilasyon an diminye.

Se yon politik ki la depi lontan, pou diminye kantite moun nan popilasyon yo ke gran Nèg toujou konsidere kòm yon menas lè yo twò anpil.
Chak fwa gè yo fini se nan mitan malere yo yo konte anpil kadav, blese ak estropye. Se sak fè lè gen gwo gè mondyal, popilasyon yo toujou diminye anpil, sa fè n reflechi sou anpil nan swadizan gè agresyon sa yo, kote gwo Peyi enperyalis yo ap itilize tout yon seri gwo zam ki ka touye anpil moun, voye yo nan Peyi san chapo.
Premye, Dezyèm gè mondyal la te lakòz anpil soufrans ak anpil moun ki te domaje lè yo pa mouri.

Nou sonje gwo bonm atomik ke Peyi Etazini te itilize pou l ka fè Peyi Japon ki tap bal anpil pwoblèm kapitile nan dezyèm gè mondyal la, paske Japon te alye l ak Hitler nan Peyi lalmay ki tap itilize tout kalte zam chimik pou elimine moun ak ras ke rejim nazi a te di ki pa egal ak blan alman ki sot nan yon ras siperye, ras aryènn, ak mennen yon politik piyaj kont yon bann lòt Peyi.

Konsa anpil moun pral vinn dekouvri ak konprann gen yon politik anba chal kèk peyi konn itlize pou redwi kantite moun kap viv sou Tè a, anpil dokiman prouve sa deja, men yo toujou kase fèy kouvri sa.
Gen anpil dokiman sekrè ki revele tout vye politik rasis ak rechèch li fèt nan laboratwa gwo Peyi Kapitalis yo ki gen anpil zam bakteryolojik ki ta touye, elimine ak disparèt anpil moun sou planèt la.
Se nan kad sa gen gwo laboratwa ameriken, fransè, alman, anglè ki gen tout kalte depo zam bakteryolojik ke anpil dokiman revele ki menase lavi moun jounen jodi a, men anpil moun fè tankou yo pa konnen.
Pa ekzanp, fyèv ebola a kap tiye anpil moun nan Peyi kongo, anpil rechèch di se zam bakteryolojik ke etazini ap devlope, men yo kase fèt kouvri sa.

Se sa ki fe jounen jodi a kesyon kowonaviris soulve anpil kesyon pou konnen ki kote zafè fyèv sa sòti?
Sa ki pase ki fè anpil moun ap malad sou tout planèt la, san ke pa gen okenn medikaman ki ka bloke viris la, pandan tout moun konnen lasyans trè avanse nan domènn medikal ki ka anpeche yon seri viris vinn fè anpil dega sou malere sou Tè a.
Pou nou menm nan Pati Travayè Revolisyonè Ayisyen nou pap sispann gen dout, poun mande, ki kote sa prale ak tout vye viris sa yo ki menase lavi moun sou Tè a, paske sistèm Kapitalis la pap fè bak devan anyen lè enterè l menase.

Se sa ki fe PTRA ap lanse yon apèl nasyonal kou entènasyonal pou tout fòs revolisyonè rasanble pou anpeche Kapitalis kriminèl mete an aplikasyon tout vye politik rasis ki ka gen vye konsekans sou lavi Pèp yo sou Tè a.
Depi yè nan Peyi Dayiti tout moun se men nan tèt lè tout moun
tande chèf gann kriminèl PHTK a ke gouvènman meriken mete nan Peyi Dayiti pou vann Peyi a ak tout sa ki ladan l fè konnen yo dekouvri 2 moun ki gen viris la.

mande Pèp la gade kalm yo, pa kite panik anvayi nou, paske kesyon kowonaviris la mande anpil analiz ak refleksyon nan tèt frèt pou nou  ka rive konnen sa kap pase nan mond lan ak zafè viris sa ki mete lavi anpil moun sou Tè a an danje.

Yon danje ki vinn pi menasan lè nou konnen Peyi Dayiti pa kanpe sou anyen nan domènn medikal, ak kolonn kriminèl, zenglendou PHTK yo ki finn piye Peyi, vòlò tout sa Peyi a posede, epi lage vye nouvèl kowonaviris la ki lage tout moun kouri. Menm lè viris la ap fè dega toupatou.
Nou ap mande tout militan Pati Travayè Revolisyonè Ayisyen an pou mete ansanm ak tout patriyòt nan Peyi a pou ede Pèp Ayisyen òganize tèt li nan sitiyasyon panik, apre nouvèl tèt anba sa a, Pèp Ayisyen trouve li aprè anons tèt chat, iresponsab chèf gann PHTK a lage nan Peyi Dayiti, kote Pèp la deja ap travèse tout kalte move moman anba gann ke pouvwa a mete nan Peyi a pou teyorize Pèp la.

Konsa ,PTRA mande mobilizasyon Jeneral nan tout Peyi a, pou se Pèp Ayisyen nan bonjan òganizasyon solid nan tout Peyi a ak manm PTRA, melanje ak patriyòt konsekan pou nou degaje nou kou nou konnen pou nou sòti nan dans ki mele sa a Pèp Ayisyen an trouve li jodi a.

Pa panike, mare senti nou, òganize kòm sa dwa pou nou sove tèt nou.
Pa pè, se nou ki te fè batay vètyè, pou n kase chenn esklavaj, nou kapab, nou gen fòs depi n òganize n nan lòd ak disiplinn, san kè sote, nan konfyans nan tèt nou, ke Zansèt nou yo te aprann nou pou n te fè 1804, ki ta pral bay mond lan yon lòt direksyon, lèn te fini ak rejim esklavaj la.
Fanm kou gason, granmoun kou ti moun, Patri nou menase, Mond lan menase, se lavi plizyè milya moun ki andanje, pa pè, annavan ! Annavan! Annavan!

 

 

KREDI FOTO: RTL.fr

 

PTRA
20 Mas 2020.

 

Apwopo Près Travayè

Ou ka gade tou

Pati Travayè Revolisyonè Ayisyen ( PTRA) Deklarasyon pou laprès

Yon leve kanpe jeneral Pèp Ayisyen nan 4 kwen Peyi Dayiti sèl Jan pou n …