Nan kad entimidasyon pouvwa sanginè phtk a nan tèt kole ak popetwèl Leon Charles pou anpeche pèp la defann dwa li, bandi woz yo arete epi voye nan penitansye ilegalman ansyen pòt pawòl spnh la Abelson Gros Negre.
Zak sa pwouve jodi a ke bandi yo kap simen latwoublay nan peyi a se pou Jovenel Moïse yap travay, nap raple Babekyou genyon manda dèyè li ki pa janm egzekite pandan lap mache kot a kot ak lapolis san kè sote. Abelson Gros Negre se youn nan moun ki tap goumen pou chanje move tretman polisye yo ap sibi.