Akèy / Atik / AYITI/NOT POU LAPRES: PTRA KI SE PATI TRAVAYE REVOLISYONE AYISYEN METE LI BO KOTE PEP LA KAP CHACHE YON LAVI MIYO.

AYITI/NOT POU LAPRES: PTRA KI SE PATI TRAVAYE REVOLISYONE AYISYEN METE LI BO KOTE PEP LA KAP CHACHE YON LAVI MIYO.

Pati Travayè Revolisyonè Ayisyen
( PTRA)

Deklarasyon pou laprès

Nan sitiyasyon malouk san parèy pèp Ayisyen ap viv jodi jounen a, mobilizasyon an dwe ranfòse chak jou ki pase nan Peyi a.
Depi lè reyaksyonè entènasyonal ak reyaksyonè boujwa piyajè asasen kriminèl te deside akapare pouvwa politik la nan Peyi Dayiti nan eleksyon seleksyon ke Ilari klinntonn te fè nan Peyi a, li te bay loni, OEA nan tèt kole anbasad amerikènn te deside mete rejim tèt kale a nan Peyi Dayiti avèk misyon pou fini ak Peyi Dayiti nan tout nivo( politik, ekonomik, sosyal, elatriye)

Yon plan asasen kriminèl yo ki gen sipò tout pisans enperyalis yo ki yo menm te deja sèmante depi lontan apre revolisyon 1804 la pou fini ak disparèt Dayiti.
Depi lè sa pèp Ayisyen an pral reviv anpil nan kochma je klè li konn viv sou rejim asassen kriminèl divalye yo.

Konsa, vòl, piyaj, zak asassinay kidnaping ta pral devlope nan kat lwen Peyi a , kote Ayisyen pa konn sa l fè lap peye.
Yon kolonn vye zak ke Peyi kapitalis neyokolonyalis yo( etazini, Kanada, Linyon ewopeyènn) met tèt yo ansanm depi yon bout tan pou fini ak pèp Ayisyen an.
Avèk rejim kriminèl asasen, piyajè phtk yo, Pèp Ayisyen an touve l depi yon bon bout tan nan yon sitiyasyon malouk sanparèy ki se yon politik asasinay kidnaping kriminèl ennmi pèp la tabli nan Peyi Dayiti , yon lojik byen planifye ke gwo pisans yo te genyen depi apre gwo revolisyon 1804 la, ki ta pral chanje desten limanite lè zanzèt nou yo te kase chenn esklavaj la e kreye yon nasyon lib, granmoun nan tou kòl.
Politik zansèt nou yo apre kreyasyon nasyon lib sa, ki tap jènn nasyon sa tounen yon espas kote kèlkeswa moun ki te nan esklavaj depi w mete pye w sou tè Peyi Dayiti ou lib menm kote a, yon ekzanp ki te fè anpil Peyi nan kontinan ewopeyen ak Peyi etazini ki tap sèvi ak sistèm esklavajis la kòm sistèm pou eksplwate lòt pèp sou planèt tè a pa Ike
Konsa Peyi Dayiti se te move ekzanp pou anpil gwo Peyi ki te sèmante fòk detwi nasyon revolisyonè sa ki te vini pou libere limanite.
Apre asasina Lanpèrè pwojè liberasyon limanite a ta pral kontrarye anpil, menm lè sa pat anpeche lòt pèp nan kontinan sid ameriken an ki swaf LIBÈTE te pran Peyi Dayiti pou ekzanp, e anpil lidè nan Peyi sa yo se sou tè Peyi Dayiti yo te vinn pran bonjan dòz ak konesans ke yo ta pral itilize pou lwen LIBÈTE kote lesklavaj te kaba.
Se tout bèl ekzanp diyite sa yo ki fè pèp vinn yon gran pèp sou planèt tè ki lakòz tout pisans esklavajis te toujou di fòk yo kraze kouloupant Peyi Dayiti.
Pati Travayè Revolisyonè Ayisyen kwè kle delivrans Pèp chita nan swiv wout zansèt nou yo te trase kite pou nou.
Pou tèt sa PTRA tout Ayisyen vanyan pitit Desalinn ak Kapwa LAMÒ pou swiv tras zansèt nou yo sèl Jan pou pèp la rejwenn diyite l ak respè l.
Zansèt nou yo te di LIBÈTE ou LANMÒ.
Jodi a PTRA mande tout Ayisyen pou repete sèman zansèt nou yo pou Ayisyen ka re jwenn ki ap pèmèt nou libere Peyi a ak pèp Ayisyen anba tout vye rejim kidnapè kap fini ak malere malerèz nan Peyi a.
PTRA ap pwofite raple pèp Ayisyen
an si zansèt nou yo te mawon, pran mònn al òganize yo pou yo te kase chenn esklavaj ak imilyasyon ki te debouche sou premye janvye 1804.
Jounen jodi a pou pèp Ayisyen konbat kidnaping ak asasinay se pou militan konsekan fanm ak fason vanyan kreye nan tout katye, kominn, awondisman, depatman, nan tout Peyi bonjan BRIGAD VIJILANS nan tout Peyi a pou n pwoteje tèt nou kont tout kriminèl ak kidnapè.
Nap batay menm jan ak zansèt nou yo jiskaske nou nou libere Peyi a anba rejim san manman tèt kale phtk.
Aba kidnaping
Aba rejim kriminèl phtk
Aba tout Peyi enperyalis kap sipòte kidnapè
Viv yon pouvwa popilè anba kontwòl ouvriye ti peyizan ak ti machann

Pou sekretarya jeneral
Pati Travayè Revolisyonè Ayisyen
DJO OULIANOV

4 Mas 2021

Apwopo Près Travayè

Ou ka gade tou

LEMOND/NIJÈ: PREMYE MINIS LA RANN YON DENYE OMAJ AK SIS (6)FRANSE KI MOURI .

Jounen vandredi 14 out 2020 an nan ayewopò Orly Premye minis Jean Carter te rann …