Abitan nan komin Grand salin ki nan depatman latibonit òganize yon gran seremoni mistik nan anbouchi grand salin lan kote ke yo envoke yon djab ki rele Agassou Arena pou mande jistis pou mèt Dorval.
Avan yo te kòmanse seremoni an yo te pran lari a pou denonse zak asasinay sa ki met gran otorite yo an kolè.
Pandan mach la pwotestatè yo te antre nan Yon legliz katolik e yo te arive pran stati sen Andre a pou te fè rès pakou a.
Manifestan yo sèmante ke san pitit Grand salin nan mèt Monferrier Dorval pap koule anven.
Dorcine Verceus