Jedi 10 septanb 2020 an, aprè plizyè èdtan nan eklatman bandi vyolan ak gwo zam fann fwa, Polis Nasyonal DAYITI an avèk èd machin blende li yo reprann kontwòl distri Bèlè ki te sèn nan batay lame woz tèt kale yo ki gen nan tèt li kriminèl babekyou ak popilasyon an soti nan dat 29 rive 31out 2020 pase a kote anpil moun te blije met van nan vwel yo pou yo pat pèdi lavi yo anba bandi PHTK yo.
Daprè deklarasyon Pòt Pawòl Polis Nasyonal Dayiti a ki se Michaël Ange Louis Jeune, li ensiste pou di konsa pa gen okèn pèt nan lavi moun yo men li kondane sa ki rive sou bò Polis la, anpalan de cha blende yo ki resvwa anpil plon, men pa gen okèn rapò ofisyèl ki te fè sou sijè sa a.
Jude Antoine Morisset.