Nan peyi Sendomeng senk (5) Ayisyen mouri nan zòn Cabral-Polo nan pwovens Barahona,gen sèt (7) lòt moun ki blese kote yon chofè kamyon kite pote ayisyen sa yo ak machandiz ta pèdi kontwòl volan.
Viktim sa yo nan lopital Jaime Mota pou kapab jwenn swen nesesè, enfòmasyon yo fè konnen idantite moun sa yo ki mouri nan gwo aksidan sa a pako jwenn fanmi yo ta vin pran mò yo.