Sekretarya Jeneral Pati Travayè Revolisyonè Ayisyen ( PTRA) denonse sak agresyon fizik ak tantativ asasinay ki te fèt sou sendikalis militan pwofesè Jozwe Merilyen ki pran anpil kou nan men plizyè polisye ki fè anpil zak ke sèl rejim fachis yo konn fè pou yo ka kenbe yon pouvwa ki chita sou vòl, piyaj ak asasina, san konte arestasyon anpil lòt militant, lapolis ke pouvwa ap itilize pou fè tout vye zak represyon sou Pèp la kap manifeste pou fè tande Vwa l fas ak yo rejim PHTK kriminèl kap finn piye Peyi a.
Konsa PTRA mande tout militan kap batay pou pran lòt dispozyon pou reòganize batay pou libere Peyi a anba rejim fachis PHTK a.
PTRA mande tout travayè nan tout sektè pou pote solidarite yo bay Jozye Merilyen ansanm ak tout lòt militan ki nan divès komisarya nan nan kominn dèlma.
PTRA mande bonjan mobilizasyon ak òganizasyon solid pou debarase Peyi a anba rejim kriminèl la.
Djo Oulianov
Pou sekretarya Jeneral PTRA
18 Me 2020