Pati travayè revolisyonè (PTRA) retire chapol byen ba pou salye gwo jefo peyi sosyalis Kiba ap fè nan kesyon lasante kise yon zouti nesesè nan lavi moun, Pati travayè revolisyon ayisyen an kise yon pati politik sosyalis mande otorite Kiben yo pou pote sipo yo bay pèp ayisyen an avan maladi kowonaviris la fè gwo dega nan peyi a jan sa te ye ak kolera.
PTRA voye mesaj bay otorite Kiben yo akoz peyi Dayiti pa gen dirijan konpetan ki ka pote solisyon avèk maladi sa ki ap frape lemond san kanpe, pou pa kite pèp la peri anbal PTRA mande sipò sa pou kapab se sove pèp Ayisyen an.