Akèy / Atik / POU KISA GOUVENMAN RASIS ETAZINI YO TOUJOU SIPOTE TOUT REJIM FACHIS, KRIMINEL NAN PEYI DAYITI?

POU KISA GOUVENMAN RASIS ETAZINI YO TOUJOU SIPOTE TOUT REJIM FACHIS, KRIMINEL NAN PEYI DAYITI?

Depi lè ansyen esklav yo sou tè Sendomeng te kreye yon nasyon Granmoun nan lane 1804, jenn Nasyon sa a te pote yon souf nouvo ak anpil lespwa pou tout moun ki tap bourike pou granmesi kòm esklav nan plizyè kontinan nan mond lan, pi espesyalman nan Peyi Etazini.
Konsa, Peyi Dayiti kòm Manman Libète te reprezante anpil espwa pou lòt pèp ki te anba fè nan rejim esklavavaj, rasis, kriminèl ki tap vale teren sou teritwa etazini. Se sak te fè kolon ameriken te sèmante pou fè tout sa yo te kapab pou anpeche jènn nasyon nèg sa kontinye leve ras nwa a ak fè rejim Libète a vale teren sou tout fas tè a.

Depi kolon ameriken ki se menm ras ak kolon ki te sot sou kontinan ewopeyen kap tap foure Nèg esklavaj pou bourike pou granmesi pou kolon, epi fè yo vinn rich sou do esklav nwa yo, kolon sa yo te sèmante pou bloke ak kraze Peyi Dayiti pa nenpòt fason, paske Libète ak diyite ke Peyi Dayiti te senbolize nan epòk sa te reprezante yon menas ak yon danje pou sistèm esklavajis la ki tap vale teren nan Peyi etazini.
Se konsa, kolon meriken yo te mete yon anbago kriminèl ak yon blokis ke gouvènman etazini te tabli kont peyi Dayiti depi apre lendepandans 1804 la, pou rive jouk nan lane 1865, apre lagè sesesyon nan Peyi etazini, yon blokis ki te gen anpil move konsekans sou devlopman Peyi Dayiti.
Pou kapitalis, esklavajis, rasis meriken yo, yo sèmante pou anpeche jènn nasyon Nèg sa ale annavan.

Etazini te toujou nan tout konplo pou kraze Peyi Dayiti, pou pèp la, pa janm rale yon souf, pou l viv nan diyite ak respè.
Se pou rezon gouvènman meriken toujou nan konplo pou kraze ak detwi Peyi Dayiti,sipòte ak kenbe tout rejim asasen, kriminèl kap maspinen Pèp Ayisyen an, ki kòmanse ak rejim fantòch Sid datignanv nan lane 1915, bòno, lesko, maglwa, divalye, ak tout lòt rejim militè apre 86 yo, jouk rive sou prospè Avril ki ta vole gagè apre Pèp Ayisyen te leve kanpe, pran lari, pou denonse zak maspinay ak asasinay ke lame te fè sou jènn ti fi elèv lekòl, wozlinn vaval nan tigwav nan kòmansman mwa mas 1990 la, kote Avril te lage lame ak zenglendou pou asasinen ak masakre pèp la ki tap ekzije pi bon kondisyon lavi ak sekirite nan Peyi Dayiti.

Se toujou gouvènman rasis nan Peyi etazini ki toujou fabrike ak ayisyen sankoutya tout konplo koudeta 29-30 Sektanm 1990, kidnaping 28-29 Fevriye 2004 kont Prizidan Aristid, kote Pèp Ayisyen toujou ap viktim tout konplo makyavelik gouvènman ameriken an kont Pèp Ayisyen an.
Sipò gouvènman meriken an bay rejim PHTK kidnaping lan, sa fè politik gouvènman etazini pou toujou bloke ak anpeche Pèp Ayisyen rale yon souf, pandan yo ap kriminèl yo tout mwayen ak kreye tout move kondisyon pou kenbe Pèp Ayisyen an nan mizè pandan Ayisyen lòt bò dlo ap sibi tout kalte mizè ak imilyasyon nan Peyi meriken.

Donk, li tout afè nòmal pou gouvènman meriken sipòte kolonn asasen kriminèl san manman PHTK yo nan Peyi Dayiti jounen jodi a, ak vye kominike tèt chat yo fè parèt pou apiye rejim PHTK kidnapè yo a.
Se Pèp Ayisyen li menm ki dwe ramase karaktè l, pou mete kanpe bonjan estrikti òganizasyonèl nan kat kwen Peyi a pou dechouke kidnapè ak asasen ki ap simaye dèy ak dlo nan je Pèp Ayisyen an, kap travèse yon moman difisil jounen jodi a kote anpil moun nan Peyi a ap viv ak anpil tristès ak kè sere. Se pou tèt sa, Pati Travayè Revolisyonè Ayisyen ( PTRA) mande mobilizasyon Jeneral san pèditan nan 4 kwen Peyi a, pou deraye, dechouke rejim ganztè Phtk a.

Viv mobilizasyon Jeneral sanpransouf nan tout Peyi a!
Viv bonjan komite katye ak militan solid!
Viv yon pouvwa popilè revolisyonè pou sove Peyi a!
Pou sekretarya Jeneral PTRA

 

 

kredi foto: La p’tite classe de Karine – Eklablog

 

Djo Oulianov

Apwopo Près Travayè

Ou ka gade tou

AYITI / INSEKIRITE : DIREKTÈ LAPOLIS LA FÈ DEKLARASYON LI DI POU BANDI YO KÒMANSE RANMASE PAKÈT YO. 

Depi kek lane zak banditis se aktyalite nan peyi Dayiti. Chak jou pi plis enstabilite …